Informações:
Synopsis
Kawousèl is a daily podcast by Carel Pedre to give you his perspective on different topics and current events
Episodes
-
Kiyes ki Marco Volcy? #CarelinMontreal
08/05/2024 Duration: 01h17minNan epizòd espesyal #CarelinMontreal sa a, nou chita pale ak pwodiktè ak atis renome Marco Volcy. Li pataje ak nou vwayaj enkwayab li nan endistri mizik la, depi anrejistreman klasik 'Nwèl Tristès' ak Mikaben an 1999 rive pwodwi albòm pou Corneille ak travay ak Don Karnage. Nou pale sou istwa ak karyè Marco Volcy kòm pwodiktè ak atis, ansanm ak pwojè li gen pou kounye a.
-
Beethovas Obas pale de patisipasyon li nan PAPJazz ak lòt pwojè
28/01/2024 Duration: 49minBeethovas Obas pale de patisipasyon li nan PAPJazz ak lòt pwojè
-
Drasso: Mizik, Mirak ak Gerizon - Yon Ane Apre Yon Aksidan Fatal la
04/01/2024 Duration: 01h30minSa fè 1 lane depi lavi Meastro Drasso te pran yon tounan inatandi. Nan chita pale ak Carel, li temwanye Gras Bondye apre li soti vivan nan yon aksidan kamyon grav.
-
Kèskonfè? Konvèsasyon ak Gaëlle Bien-Aimé
04/01/2024 Duration: 57minCarel chita pale ak Imoris Gaëlle Bien-Aimé, nan yon konvèsasyon eksklizif sou espektak li "Kèskonfe" ak lòt pwojè l ap prepare.
-
Ti koze ak Nesmy Manigat, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl an Ayiti.
05/08/2023 Duration: 02h45minNan epizòd sa a Carel chita pale ak Nesmy Manigat, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl an Ayiti. Minis Nesmy pale de defi yo ak triyonf ane akademik 2022-2023 ki te yon ane trè difisil. Li pale de chanjman ki ap fèt ak lòt gwo chantye enpòtan pou sistem edikatif la. Li te pwofite pale tou te pouki sa yo chwazi tèks mizik Zafem ki rele Dyaman nan bidonvil nan ekzamen ofisyèl yo.
-
BAYOTALK E02 : Carel Pedre x Michael Brun & Friends - Dawou 2023
03/08/2023 Duration: 01h50minBAYOTALK E02 : Carel Pedre x Michael Brun & Friends - Dawou 2023
-
BAYOTALK E01 : Carel Pedre x Michael Brun & Friends - Me 2022
03/08/2023 Duration: 01h48minMichael Brun ak lòt atis ki nan BAYO pale ak Carel Pedre de eksperyans yo nan pwojè a ak siskè 2 dènyè konsè nan House of Blues (Boston) ak Pier 17 Rooftop (New-York). TJo Zenny x Touble Boy x Tadia x J Perry x Paul Beaubrun x Roody Roodboy x Mikaben x Steves J Bryan AlerteAnie x Nevrmd
-
Enfraksyon Dwa Otè nan Endistri Mizik: Ka Troubleboy Hitmaker ak Enpòtans Pwoteksyon Pwopriyete Entelektyèl
03/05/2023 Duration: 02h28sNan epizòd sa a, nou envite Mèt Alexandre de Lespinasse, ki gen yon Mester nan Dwa Pwopriyete Entelektyèl, pou diskite sou kesyon enfraksyon dwa otè nan endistri mizik an Ayiti, espesyalman nan ka Troubleboy Hitmaker kote yon medya te jwe Mizik li ki poko soti san konsantman li. Nou eksplike kijan lwa dwa otè pwoteje dwa mizisyen yo, konsèkans legal pou moun k ap fè enfraksyon, e kisa atis yo ka fè pou yo pwoteje pwopriyete entelektyèl yo nan mond dijital n ap viv la a. Nou te pran kèk kesyon ak kòmantè soti nan odyans nou yo, nan domèn sa a, ki pèmèt nou debat sou solisyon ki ka aplike pou diminye enfraksyon dwa otè e ankouraje respe pou zèv kreyatif yo.
-
Anie Alerte prezante nouvo mizik li "Mal" e pataje eksperyans li ak entimidasyon sou entènèt
18/04/2023 Duration: 38minNan epizòd sa a Carel Pedre gen chantez Anie Alerte kòm envite espesyal, ki prezante nouvo mizik li "Mal" e li pataje detay sou lavi li, sitou sou defi ak pwoblèm li te rankontre. Mizik "Mal" eksplisitman pale de atak ak entimidasyon sou entènèt, yon sijè ki grav nan sosyete jodi a. Anie Alerte te eksprime kouman li te menm ak manman li viktim entimidasyon ak atak sou entènèt, ak kouman sa te afekte lavi li ak karyè li. Li diskite sou kouman li te jwenn fòs pou li kanpe fas ak pwoblèm sa yo, e li pataje konsèy pou moun k ap viv menm sitiyasyon yo. Koute epizòd sa a pou aprann plis sou istwa Anie Alerte ak pou jwenn enspirasyon nan batay pa w.
-
SANTE MANTAL Pouvwa ANPATI! Kisa li ye e pouki li Enpòtan? avek Sikolog Jeff Cadichon e Tim Valda
15/04/2023 Duration: 02h20minAnnou dekouvri pouvwa anpati nan kontèks sante mantal nan episòd espesyal sa a! Nan epizòd sa a, nou fè yon konvèsasyon apwofondi ak Sikolog Jeff Cadichon ak Tim Valda sou siyifikasyon anpati ak enpòtans li nan sosyete ayisyen an. Yo eksplike kòman anpati ka ede konbat estigma ki toujou egziste nan sosyete ayisyen an epi kòman li ka ankouraje sipò, konpreyansyon, ak akseptasyon. Nou diskite sou kòman pou ankouraje anpati nan lekòl ak nan kominote nou yo pou ede jèn yo aprann kijan pou sipòte zanmi yo ak fanmi yo ki ka ap fè fas ak pwoblèm sante mantal. Episòd sa a bay resous ak konsey sou kòman pou kreye yon anviwònman akseptab ak enklizif pou moun ki gen pwoblèm sante mantal, ak kòman pou fè pou nou motive tout moun espesyalman sa ki sou rezo sosyal yo pou aji ansanm pou konbat estigma.
-
Ti Pale Sou Patisipasyon Haiti Nan Miss Univers [Twitter Space]
15/01/2023 Duration: 01h17minTi Pale Sou Patisipasyon Haiti Nan Miss Univers [Twitter Space]
-
MikaJam #1 - Dekouvri Yon pati nan Talan Mikaben
30/10/2022 Duration: 01h19minMikaJam #1 - Dekouvri Yon pati nan Talan Mikaben
-
Harry Luc ap rankonte Sa k pase nan backstage Sumfest ak atis lokal yo tankou Tonymix ak Shabba
03/08/2022 Duration: 01h01minHarry Luc ap rankonte Sa k pase nan backstage Sumfest ak atis lokal yo tankou Tonymix ak Shabba
-
Sa mwen apran nan relasyon amourez mwen ane sa a
17/12/2021 Duration: 22minSa mwen apran nan relasyon amourez mwen ane sa a.
-
Plan mwen pou 2022
15/12/2021 Duration: 24minNan epizòd sa a ki pat prepare m pataje avek nou kisa mwen anvi kreye kòm kontni nan ane ki ap vini a
-
Gessica Geneus ap pale de siksè "FREDA"
09/12/2021 Duration: 01h06minGessica Geneus ap pale de siksè "FREDA"
-
Mendiana ap rankonte kòman Junior Lissade te fè asèlman seksyèl sou li sou entènèt e kòman sa afekte li
16/04/2020 Duration: 50minMendiana talks to Carel about how Junior Lissade sexually harassed her online and why she decided to exposed him.
-
Giscard Borgard ap bay detay sou kòman you te kidnape li e kisa li aprann de eksperyans sa a
16/03/2020 Duration: 33minGiscard Borgard ap bay detay sou kòman you te kidnape li e kisa li aprann de eksperyans sa a
-
Ou ka kreye richès an Ayiti avèk Profin - Robert Paret
19/01/2020 Duration: 01h08minOu ka kreye richès an Ayiti avèk Profin
-
ATELIER DES MÉDIAS - Dix ans après le séisme en Haïti, Carel Pedre se souvient
12/01/2020 Duration: 15minLe 12 janvier 2010, un tremblement de terre frappait Haïti. Téléphones, radios et télévisions ne fonctionnaient plus. Carel Pedre, animateur de radio, s’est alors emparé de Twitter, Facebook et Skype, devenant la voix et le visage d’Haïti pour les médias du monde entier. Le séisme de janvier 2010 en Haïti a fait plus de 200 000 morts, 300 000 blessés et 1,5 million de sans-abri. Dans les heures qui ont suivi la catastrophe, le black-out était quasi total. Carel Pedre, qui présente Chokarella sur Radio One, a immédiatement commencé à tweeter, poster sur Facebook et des envoyer des photos sur Flickr. Via Skype, il est devenu correspondant pour les médias internationaux qui étaient à a la recherche de témoignages et d'informations vérifiées. Ainsi, L'Atelier des médias l'interviewait déjà mi-janvier 2010. Dix ans plus tard, nous avons pris contact avec Carel Pedre, devenu une personnalité en Haïti. Il se souvient et raconte comment le séisme de 2010 a changé sa vie.