Kawousèl

Enfraksyon Dwa Otè nan Endistri Mizik: Ka Troubleboy Hitmaker ak Enpòtans Pwoteksyon Pwopriyete Entelektyèl

Informações:

Synopsis

Nan epizòd sa a, nou envite Mèt Alexandre de Lespinasse, ki gen yon Mester nan Dwa Pwopriyete Entelektyèl, pou diskite sou kesyon enfraksyon dwa otè nan endistri mizik an Ayiti, espesyalman nan ka Troubleboy Hitmaker kote yon medya te jwe Mizik li ki poko soti san konsantman li. Nou eksplike kijan lwa dwa otè pwoteje dwa mizisyen yo, konsèkans legal pou moun k ap fè enfraksyon, e kisa atis yo ka fè pou yo pwoteje pwopriyete entelektyèl yo nan mond dijital n ap viv la a. Nou te pran kèk kesyon ak kòmantè soti nan odyans nou yo, nan domèn sa a, ki pèmèt nou debat sou solisyon ki ka aplike pou diminye enfraksyon dwa otè e ankouraje respe pou zèv kreyatif yo.